Istwa vi moun

Haiti Aqui pataje kèk eksperyans vi moun ki rete aletranje pou pale sou défi ak sikse yo konn rankontre sou wout migrasyon an.

Jean Baptiste

Jean Baptiste se atikilatè sosyal nan pwoje Haiti Aqui/Viva Rio kote lap bay bonjan èd ak oryantasyon nan kominote ayisyen nan Brezil.

Blaisdine Pierre, a Belove

Blaisdine Pierre, Belove, rete Brezil depi 2 zan. Li se yon Ayisyèn ki fèt Pòtoprens. Li telman renmen plaj se sak fè li chwazi Rio de Janeiro pou viv.

Jocelyn

Jocelyn, se youn nan reprezantan komite legliz ayisyen nan Curicica, nan Zòn Wèst vil Rio de Janeiro, kote adorasyon yo fèt an kreyòl.

Clark Cave

Pwojè Haiti Aqui, an kolaborasyon ak Depòte, ap konte istwa Clark Cave, yon Ayisyen ki fèk rive Brezil.

Paolo Parisi

Pwojè Haiti Aqui, an kolaborasyon ak Depòte, te fè entèvyou ak Pè Missão Paz, nan vil São Paulo, kote li pataje ansanm avè nou travay li ak Ayisyen.

Surprise 69

Pwojè Haiti Aqui, an kolaborasyon ak Depòte, ap konte istwa gwoup rap Surprise 69, yon gwoup ki rasanble 3 jèn Ayisyen nan vil São Paulo.

Robert Montinard

Robert Montinard, ki se koodinatè travay teren ak atikilasyon pwojè Haiti Aqui, ap konte nou reyalite Ayisyen nan peyi Brezil, ant vil Sao Paulo ak Rio. Se yon videyo ki reyalize an kolaborasyon ak Depòte.

Fresnel Joseph

Fresnel Joseph te rive nan peyi Brezil nan yon jan diferan ke lòt moun yo. Nan lane 2012 lan, li te jwenn yon bous pou li te fè yon rechèch sou kijan Ayisyen yo ap viv nan vil Manaus.

Fòs Kiryozite A

Handy te nan twazyèm semès nan fakilte Gesyon Antrepriz anvan li tap vwayaje. Li tap viv ak manman-l, Marie Anne ki se yon pwofesè, ak sè li Ludgie ki gen 35 lane.

Marina, se you ayisyèn ki etone nou

Jou pwodiktè fashion yo ap jwenn ak Marina Mathieu, Ayisyèn, jou sa lap vle pou chanje lide li te genyen ki pat lòt ke fini ak etid li nan kominikasyon nan Inivèsite Federal Rio de janeiro (UFRJ).
Facebook By Weblizar Powered By Weblizar