Jean Baptiste

Jean Baptiste se atikilatè sosyal nan pwoje Haiti Aqui/Viva Rio kote lap bay bonjan èd ak oryantasyon nan kominote ayisyen nan Brezil. Li se chantè tou nan yon djaz konpa ki konnen anpil siksè nan kominote migran. Temwayaj li, se youn nan sa ki te fèt nan kad pwojè Migrasyon ISER tap kowòdone. Rechèch la tap chache konnen tout aksyon òganizasyon te mete sou pye nan zafè migrasyon ak pòte pwopozisyon, mete sou pye yon ajanda politik piblik nan domèn migrasyon nan yon pèspektiv dwa moun.