Fresnel Joseph

Fresnel Joseph te rive nan peyi Brezil nan yon jan diferan ke lòt moun yo. Nan lane 2012 lan, li te jwenn yon bous pou li te fè yon rechèch sou kijan Ayisyen yo ap viv nan vil Manaus. Li te renmen eksperyans li a, se sak fè li desisde rete. An reyalite, li travèse tranbleman tè a 2010 lan san twò gwo chòk, sòf ke li te pèdi yon tonton-l ki tap travay kòm sekirite nan Pòtoprens. Rezon ki fè li te deside kite peyi a se pou kòz li pat dakò ak liy politik ki tap suiv nan moman sa.

Nenel, jan zanmi-l yo konn rele-l, gen 28 an. Jou 12 janvye a, li te pran senk èdtan pou-l te rive lakay li aprè tranbleman de tè a, epi li tande tout moun te mouri kote li te rete a. Li te jwenn lakay li, manman-l ak twa sè li ki pi piti pase-l, kè-l te kontan. Li te nan dezyèm ane fakilte adminstrasyon na lè li te deside lage etid la pou li te ale Brezil.

Lavi Pòtoprens kote li te fèt, li pat gen anpil bagay pou-l te reklame. Manman-l posede 2 magazen: youn se bagay manje epi lòt la se te bagay materyèl konstwisyon. Papa-l se yon teknisyen nan Jeoloji. Lespri Bondye te pi fò, deja nan Manaus li te gentan jwenn rezidans li epi li pat pran tan pou li te rantre Rio de Janeiro, kote li te jwenn zanmi ki te deja etabli nan zòn Jacarepaguá.

Travay òganize evènman te dire 2 mwa. Sou konsey zanmi ayisyen, li te kite vil Rio de Janeiro pou al rete nan vil São Paulo, kote li tap  travay nan yon konpayi kòm operatè lojistik. « Salè a pat ka peye tout bil yo », sonje Fresnel yon jan timid. Kounye a, li gen yon eksperyans kòm teknisyen nan edifikasyon epi tou li pa enkyete paske li se yon teknisyen nan laboratwa.

Li fè malèt li, li tounen Rio de Janeiro nan lane 2015, kote li te komanse travay kòm pwodiktè radyo nan pwojè Haiti Aqui – Viva Rio. Sa evidan, Fresnel se yon lespri nomade ki vle di li pa gen yon kote fiks, yon kote li ka rete anpil tan, tankou yon stabilite. Fwa sa a, li te santi-l kontan. Li ap travay nan Glória epi li rete nan zona Sul, kote li santi-l byen. Se pa mal pou moun ki renmen ale nan plaj nan fen semèn epi ale andeyò ak zanmi ayisyen ak brezilyen.

Sèl pwoblèm li, li sonje fanmi, mennaj ki rete Ayiti epi li pap pran tan pou-l vin wè li. Nou gen pwojè pou nou marye aprè pou nou fe pitit : “li gen viza Brezil ak Etazini, men li prefere dezyèm peyi a. Mwen menm, mwen prefere Brezil, men mwen paka deside mwen menm sèl, nap reflechi.”

Texto: Celina Côrtes