Marina, se you ayisyèn ki etone nou

Jou pwodiktè fashion yo ap jwenn ak Marina Mathieu, Ayisyèn, jou sa lap vle pou chanje lide li te genyen ki pat lòt ke fini ak etid li nan kominikasyon nan Inivèsite Federal Rio de janeiro (UFRJ). Ak yon bote san makiyaj, de zye amand ak de twou bote ki kouwone vizaj li ak bèl souri li genyen, Marina te rive nan vil Rio de Janeiro nan mwa fevriye nan lide pou-l te kontinye etid li te komanse nan peyi Kanada. Ak 21 lane, li te anvizaje bay tout li mèm nan etid as-a ki se sèksoloji, se pa nan sans erotik la, men pito nan sans patipri jis pou-l te ka denonse diskriminasyon kont fanm yo ak massissi yo ak moun ki travèsti yo. Ak yon bèl aksan ki konbine konesans li genyen nan fransè, anglè, kreyòl, panyòl ak pòtigè li apenn komanse, Marina te fèt nan Pòtoprens kote li tap viv ak paran li yo – papa-l se agronòm epi manman-l li mèm se enjenyè ak psykològ –, epi ak frè ak sè yo. Apre tranbleman de tè nan lane 2010, li te al viv kay grann li epi li tou janbe pou Kanada kote li rete depi plis pase 5 lane. Sè li ki se Fedora, yon bèl fanm menm jan avè-l e ki renmen vwayaje tou, te pase vakans li nan vil Rio nan lane 2012 epi tou di-l pou-l vini viv yon eksperyans nan vil as-a.

“ Mwen se yon demwazèl kote plaj la ye mwen la. Mwen renmen danse, chante epi m renmen kote ki gen plaj la. Lè mwen te rive Rio se te nan yon otel Botafogo, nan zòn sid vil la, mwen te desann men se te youn nan zanmi sè-m ki te refere mwen. Mwen vreman te pran yon desepsyon paske se yon kote menm jan ak Ayiti ki te chaje ak kay ak anpil edifis. Mwen pat janm konnen si Rio te pi chè pou moun rete pase Kanada, men mwen rekonèt ke fwui yo pi bon mache.”

An reyalite, avan li te vinn Rio li pase yon bon tan nan peyi Ekwatè, kote li te jwenn pi bon posibilite tankou dlo pou bwe ak mwayen transpò yo te trè bon. Kote li te ye pat two rich tankou Kanada ni two pòv tankou Ayiti, men te gen anpil plaj.

Echanj li nan Inivèsite URFJ te gentan byen òganize depi avan. Lavi Marina te gentan pran yon sekous jou li rive nan vil Rio. Isit pa pòv tankou Ayiti, men bò isit, moun yo renmen viv epi yo konn ede-l anpil nan fakilte li. Li gentan patisipe nan anpil aktivite pwoje Haiti Aqui nan Viva Rio.

Pandan li tap etidye Kominikasyon nan lekòl Kanada, li te vle fè pwodiksyon nan domèn televizyon. Konsa tou, san pèdi tan, li remake ke branch li chwazi a pap mennen-l kote li vle a epi tou swuit li enterese ak jounalism kou li rive UFRJ. Marina te plis anvizaje jounalism pou li ka fè yon spesyalizasyon pita.

Pou kounya, nan zafè gen mennaj brezilyen, pa gen tan pou-l panse ak sa menm. Mesye yo ap toujou di-l menm bagay la, ki fè li tou kite sa yon kote pou moman sa. “Se konsantre pou m konsantre-m sou etid mwen yo epi fè egzèsis fizik. Mwen fe yoga pou-m ka santre lesprim sou egzèsis tankou mache nan mòn. Ak pasyon li genyen pou fé manje, li pase anpil tan nan kizinn ou byen fè manje. Nan Brezil, li te vinn renmen açaí, sòs pwa melanje ak vyann (feijoada), kleren dous ki fèt ak grenadya (caipirinha). Mwen te oblije fè anpil egzèsis fizik paske mwen renmen manje anpil.” … Men li toujou pè pran pwa.

Tèks: Celina Côrtes