Viza

Para conseguir um visto você precisa estar muito atento aos detalhes do procedimento.

Confira o passo a passo do procedimento que deve ser realizado ainda no Haiti:

Anbasad

Anbasad Brezil Ayiti se Pétion-Ville li ye. Li konn bay viza touris, etidyan ak pèmanan.

Anbasad la ap bay ou yon fòmilè demann viza lè lap remèt ou paspò-w. Se ak pwotokòl sa wap kapab mande idantite-w tankou etranje lè ou rive Brezil.

Confira o passo a passo do procedimento no Brasil:

Demann

Peye taks

Dokiman wap bezwen yo

Polis Federal

Konsilte Jounal Ofisyèl (D.O.U.) pou konnen si non-w pibliye

Pou nou sonje

Demann enskripsyon/renouvle CIE/RNE

  • Ranpli fòmilè elektronik ki sou sit Polis Federal la, wap jwenn li nan opsyon “Requerer Registro/Renovação”.
  • Klike sou bouton SALVAR ki vle di anrejistre
  • Enprime fòmilè ou ranpli a
  • Pou pran randevou sou sit la, ou dwe bay nimewo ki sou fòmilè, sa ki rele “código de solicitaçãoVeja o modelo aqui.

Piga ou pèdi dat enskripsyon an. Si pa ta genyen dat disponib nan lè ke ou vle a, ou dwe ale kouri nan Polis Federal ki pi prè lakay ou a.

Si ou ta bezwen pran yon lòt randevou, klike isit.

Pou nou sonje

  • Lalwa di se 30 jou apre jou ou rive nan peyi Brezil pou mande enskripsyon CIE (Cédula de Identidade de Estrangeiro) oubyen RNE (Registro Nacional dos Estrangeiros).
  •  Dokiman sa, se moun lan menm ki pou mande l nan Polis Federal.

  • GRU: Código 140120 – Carteira de Estrangeiro de Primeira via (R$124,23).
  • GRU: Código 140082 – Registro de Estrangeiro/Restabelecimento de Registro (R$64,58).
  • Pou enprime GRU (Guia de Recolhimento da União) klike isit.

Ou kapab peye taks sa yo nan bank, nan correio oubyen nan mezon lòtri.

  • Kopi tout paj ki itilize nan paspò a. Kopi sa yo dwe legalize nan Cartório.
  • Viza.
  • Fòmilè orijinal demann viza, oubyen dokiman ki pwouve pèmanans ou Brezil, tankou kopi paj Diário Oficial da União – DOU, kote non ou a pibliye.
  • Si se pèmanans, moun lan dwe montre sètifika konsilè.
  • 2 foto koulè 3×4, fon blan, resan.
  • Resi ki pwouve ke ou peye taks GRU.

  • Ale nan Polis Federal nan lè ou te pran randevou a.
  • Si ou pat planifye dat pou yo resevwa-w, ale nan Polis Federal ki pi prè-w ak tout dokiman ou yo.
  • Si ou pèdi delè legal 30 jou a, ale rapid nan Polis Federal pou kapab pran enfòmasyon.

Gen 2 fason pou konen si non-w pibliye:

1) 1) Ale sou sit JusBrasil

  • Ekri non ou a nan espas rechèch.
  • Rezilta rechèch dwe parèt konsa:

DOU 01/10/2014 – Pg.42 – Seção 1 | Diário Oficial da União

  • Klike sou rezilta kote non ou a parèt.
  • Yap mande w antre nan yon login. Ou kapab fè-l gras ak kont fèsbouk ou a.
  • Pou verifye si non-w gen awè ak rezilta pwosesis ou a (lè yo bay ou viza pèmanan), gade tèks ki vini anvan lis non, tèks la ap ekri konsa:

Compulsando-se os autos, verifica-se que o Conselho Nacional de Imigração, com fundamento na sua Resolução Recomendada nº08, de 19 de dezembro 2006, c/c a Resolução Normativa nº27, de 25 de janeiro de 1998, autorizou a concessão de permanência no País, conforme se verifica na publicação do Diário Oficial da União de 11 de março de 2014, Seção 1, págs 84 e 85. Em face de exposto, concedo a residência permanente no Território Nacional aos estrangeiros abaixo relacionados.Veja o modelo 1.  Veja o modelo 2.

 

2) Verifye si non-w sòti nan Jounal Ofisyèl (D.O.U.) sou sit sa: Diário Oficial da União

  • Mete non-w konplè nan espas “Informe o Termo”
  • Seleksyone jounal: “Todos”
  • Tip de rechèch: “Fonética”
  • Dat li komanse: “01/01″/li>
  • Klike sou “pesquisar”

Si mesaj sa parèt: <> (pa gen okenn rezilta pou rechèch sa), eseye refè-l ankò.

Si li bay menm mesaj la toujou, refè-l mwa kap vini an.

  • Yon etranje ki pa gen 18 lane dwe ale nan Polis Federal avek paran l oubyen ak moun ki responsab li.
  • Yon etranje pèmanan ki pase plis pase 2 lane deyò Brezil ap pèdi pèmanans li a.
  • Pou genyen plis enfòmasyon klike isit.

Al gade : LIST 43.781 Ayisyen. Rezidans Brezil

Al gade: DOU : DESPACHO. MJ. 12/11/2015