Kont Labank

Pwosesis pou yon moun ouvri yon kont labank senp. Yon etranje ka ouvè yon kont si li gen viza rezidans.

Dokiman enpòtan pou ouvri yon kont labank

Ouvri yon kont labank

Tip kont labank

  • Viza pèmanan oubyen viza tanporè (li dwe genyen pou pi piti 12 mwa).
  • Dokiman ki idantifye-w – paspò ak RNE/SINCRE.
  • CPF.
  • Dokiman ki pwouve kote ou rete (fakti ki nan non ou a).
  • Dokiman ki pwouve ke wap travay tankou atestasyon travay kote ki gen salè (pou kont kouran).

Moun lan dwe prezan lè lap ouvri kont labank.

Kont kouran: li itilize pou fè tranzaksyon chak jou. Moun lan ap resevwa yon kat kredi.

Kont depay: li itilize pou kapab sere lajan.

Kont salè: li itilize pou moun lan resevwa salè li a. Se tankou yon kont kouran, men li gen avantaj tankou pi ba taks pou fè transaksyon. Nan ka sa, antrepriz la ap di nan ki bank pou ouvè kont lan.