Lisans

Lisans se on dokiman entènasyonal ki pèmèt yon moun ka kondwi nan yon peyi aletranje.

Etap 1 - Dokiman ou bezwen

Etap 2 - Pwosesis nan DETRAN

Etap 3 - Taks ak egzamen medikal

Nou dwe sonje

  • Paspò.
  • RNE/SINCRE.
  • CPF (orijinal ak kopi).
  • Lisans ou te genyen Ayiti a dwe valab (original ak kopi).
  • Dokiman ki pwouve kote ou rete (fakti ki nan non ou a – orijinal ak kopi).
  • Tradiksyon legal lisans ou a (orijinal ak kopi).
  • Se dokiman tankou fakti limyè, dlo, telefòn, ekstrè kont labank, kat kredi ak plan sante. Dokiman sa dwe sou non-w oubyen sou non paran-w, li dwe gen mwens pase 3 mwa.

    Dokiman ki idantifye-w la dwe byen klè, li dwe gen foto a. Se pou yo kapab idantifye-w byen rapid.

  • Ale nan DETRAN/CIRETRAN/SAC pou ouvri pwosesis la.
  • Fè foto, enpresyon dijital ak siyen dokiman.
  • Pran dokiman pou peye taks la.
  • Planifye egzamen medikal.
  • Peye taks labank.
  • Ale nan lopital kote yo te di-w pou fè egzamen medikal (se yon egzamen pou yo wè eta santé ou a, mantal ak fizik).
  • Tounen nan DETRAN/CIRETRAN/SAC pou kapab resevwa lisans brezil ou.
  • Wap peye yon taks pou fè egzamen an.

  • Sèvis sa valab pou 1 lane.
  • Valè pou sèvis DETRAN an se anviwon R$89,00.
  • Pou gen plis enfòmasyon ale sou sit DETRAN.