Ekivalans Diplòm

Moun ki vle etidye Brezil dwe mande rekonesans diplòm li fè aletranje.

Pou fè rekonèt diplòm ou yo Brezil

Pou fè rekonèt sètifika etid primè ak sekondè Brezil

Pou fè rekonèt diplòm inivèsite Brezil

  • An Ayiti, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Zafè Etranjè mete so sou diplòm ayisyen
  • Tout dokiman lekòl ak inivèsite dwe legalize nan Anbasad Brezil an Ayiti
  • Si yo pa legalize, Itamaraty (Instituição pública brasileira das relações exteriores) oubyen Anbasad Ayiti ki Brasília kapab legalize yo pou ou.
  • Pou gen plis enfòmasyon ale sou sit sa.

Rekonesans etid pimè ak sekondè fèt nan Secretarias Estaduais de Educação. Ministè Edikasyon Brezil pa gen anyen awè nan pwosesis sa.

Men etap yo

  • Tradiksyon legal relvedenòt ak diplòm yo.
  • Prezante tout relvedenòt ou genyen.
  • Ak tout dokiman sa yo nan men-w, ale nan Secretaria de Educação do Estado pou ou kapab mande ekivalans dokiman yo.
  • Ak ekivalans lan, ou kapab etidye.

Nan Brezil, se inivèsite yo ki valide diplòm inivèsite ki te fè aletranje.

Men etap yo

  • Tradiksyon legal relvedenòt ak diplòm yo.
  • Moun ki enterese a dwe valide diplòm yo nan enstitisyon li chwazi. Pou konen ki enstitisyon ki bay kou nan domèn ou a, al gade nan lis enstitisyon nan paj Secretaria de Educação Superior do Ministério da Educação.
  • Pou plis enfòmasyon sou kou nan Brezil, al gade sou sit INEP (Instituto Nacional de Estudos e Pesquisas Educacionais).
  • Pou plis enfòmasyon sou kou metriz ak doktora, al gade sou sit CAPES kote wap jwenn enfòmasyon sou plis pase 3.000 kou.