Asosyasyon

Yon asosyasyon se yon fòm òganizasyon pèmanan ki reyini yon plizyè moun oubyen enstitisyon pou reyalize yon objektif ansanm. Nou kapab di asosiyasyon se yon gwoup moun ki mete tèt yo ansanm sou yon fòm pèmanan.

Asosyasyon se yon dwa tout moun genyen. Sèlman tout moun dwe respekte lwa tankou nenpòt ki sitwayen.

Li posib pou ale nan OAB (Ordem dos Advogados do Brasil) kote wap jwenn yon sèvis piblik gratis ki kapab oryante moun ki vle fè yon asosyasyon.

Li bon pou konnen ke asosyasyon isi a sou pwoteksyon lwa leta brezilyen kote li gen adrès li.