Timoun fèt Brezil

Fèt Brezil, pitit ou brezilyen ; li jwenn nasyonalite lè li fèt sou teritwa Repiblik Federal Brezil.

Pou deklare nesans timoun nan Brezil

Pou deklare nesans timoun nan Anbasad Ayiti

Manman l oubyen papa l dwe ale nan cartório pou mande akdenesans timoun nan.

Pa bliye prezante sètifika nesans lopital.

Otorite yo ap remèt ou akdenesans timoun nan mèm kote a, mèm jou.

Si pitit ou fèt Brezil, ou ka mande Anbasad Ayiti ki Brasilia pou li enskri nan Archives Nationales Ayiti. Pou sa, ou dwe voye dokiman sa yo:

  • 1 kopi idantite paran yo (paspò).
  • 1 kopi deklarasyon lopital kote pitit la fèt.
  • 1 kopi akdenesans pitit ou a (akdenesans otorite Brezil te bay nan Cartório).