Lwe kay Brezil

Jwenn on bèl kote pou rete se yon bagay ki pa fasil. Se menm jan pou Brezil, sitou nan gran vil yo.

Kondisyon pou afèmen yon kay depann de kontra a. Li bon pou konnen ke lwe kay nan Brezil diferan de Ayiti:

  • Lè ou rive Brezil, li enpòtan pou ou chache konen kote konpatriyòt ou yo ye (Rezo Ayisyen ki Brezil) pou yo ka ede-w epi oryante-w.
  • Lwe kay pou kèk mwa, yo rele sa temporadas: kondisyon kontra yo diskite ansanm ak mèt kay la.
  • Kondisyon kontra pou yon tan ki pi long depann de ajans imobilye a.
  • Rive 5 nan mwa, ou dwe peye kay la.
  • Sa ki rele condomio (con= avèk; dominio= pwopriyete), se yon taks ke ou dwe peye chak mwa. Li vini ak lwaye kay la.
  • Sa ki rele IPTU (taxe foncière), se yon taks ou dwe peye chak mwa, oubyen nan komansman ane a.

Ka rive ke mèt kay la mande depòsito, se yon kob ou peye avan ou antre nan kay la epi mèt kay la dwe remèt ou li lè ou ap kite kay la.