Sante piblik (SUS)

SUS

Pou mande kat sa

Pou nou konen

Se on rezo kote gen tout enstitisyon sante piblik (sant sante, lopital, laboratwa, etc.) pou bay citwayen brezilyen ak etranje yo dwa pou wè on doktè, pou fè egzamen, pou jwenn swen ak ale lopital.

Kat sante nasyonal SUS, se on dokiman pèsonèl ki idantifye w, kote ki reini tout enfòmasyon ou yo ak tout swen ou deja fè. Kat sa fasilite pran rdv ak fè egzamen, ak akse medikaman. Epi tou, li pèmèt dokte a akonpanye w pi byen.
 

cartao_sus

  • Paspò
  • Registro Nacional do Estrangeiro (RNE)
  • CPF
  • Comprovante de residencia, ki se dokiman ki pwouve kote ou rete (fakti ak non-w)
    • Etranje ki rete Brezil ka mande kat sa.
    • Se sant sante piblik ki ka bay ou kat sa.