Paspò Ayisyen

Paspò se yon dokiman entènasyonal ki idantifye-w, ki di ki nasyonalite ou genyen nan peyi ou a oubyen aletranje.

Etap 1 - Voye email

Etap 2 - Peye taks

Etap 3 - Dokiman wap bezwen yo

Etap 4 - Voye demann nan Correio

Pou nou sonje

Enpòtan:

  • Li enpòtan pou tou voye adrès ak non konplè nan email la.
  • Ou kapab fè demann lan an kreyòl, pòtigè oubyen fransè.

  • Taks pou renouvle paspò a se US$120,00. Se an reais pou peye taks sa sou kont Anbasad Ayiti nan Brezil./li>
  • Taks ki pèmèt Anbasad Ayiti ka voye paspò a nan Sedex se R$80,00. Taks sa dwe fèt an reais sou kont Anbasad Ayiti nan Brezil.

kont Anbasad Ayiti nan Brezil:
Banco do Brasil
Ag: 1606-3
Cc: 68.694-8

  • Fòmilè orijinal demann paspò a dwe ranpli ak siyen pa moun kap fè demann lan.
  • 2 foto 3×4, koulè, fon blan.
  • 2 kopi akdenesans oubyen ekstrè Achiv Nasyonal.
  • 2 kopi akdemariaj, si ou marye.
  • 2 kopi paj ki idantifye-w nan paspò a, si paspò ou a pèdi voye dokiman orijinal lapolis te bay ou lè ou te ale deklare paspò ou a te pèdi. Deklarasyon lapolis dwe tradwi an fransè.
  • Kopi resi yo pou montre ou te peye tout taks yo..

Tout dokiman sa yo dwe voye nan adrès anbasad la nan Correio:

Adrès Anbasad Ayiti nan Brezil
Setor Consular
SHIS QI 13, Conjunto 08, Casa 18 – Lago Sul
71635-080 Brasília-DF

  • Tout taks dwe fèt sou kont Anbasad Ayiti ki Brasília a. Si ou gen kestyon, pran kontak ak Meire Monteiro oubyen Marthe Arly nan sektè konsilè Anbasad la: 0055-61-3248-6860 ou 0055-61-3248-1337
  • Delè a pou Anbasad voye paspò ou a se 90 jou, depi jou Anbasad te resevwa dokiman yo.
  • Si fòmilè a pa byen ranpli, yap refize-l. Enpòtan pou byen ranpli tout kote nan fòmilè (adrès, wotè, pwa, elatriye).