Kat Travay

Carteira de Trabalho e Previdência Social (CTPS) se kat travay la. Se yon dokiman ki jere lavi pwofesyonèl moun lan nan Brezil, li gen enfòmasyon ki montre dwa travay ke moun nan genyen tankou retrèt, asirans chomaj ak lòt dwa yo. Epi tou, li genyen valè kob ou touche, vakans ak lòt bagay.

Kat travay la se yon dwa tout sitwayen genyen nan Brezil, se yon dokiman ki fèt gratis pou tout moun ki gen plis pase 14 lane. Lè kat la sòti, Ministè Travay anrejistre moun nan nan yon pwogram ki rele PIS/PASEP. Nimewo enskripsyon sa enpòtan pou moun al pran enfòmasyon dwa sosyal li genyen, kilè li gen dwa benefisye yo, tankou PIS, FGTS, asistans chomaj ak bonis.

Etap 1 - Dokiman wap bezwen

Etap 2 - Ministè Travay

  • 2 foto 3×4, koulè ak fon blan
  • Viza oubyen CIE/RNE
  • CPF
  • Dokiman ki pwouve kote ou rete (fakti ki nan non ou a)

  • Moun lan dwe ale ak tout dokiman li yo nan Super-Intendências Regionais do Trabalho e Emprego.
  • Pou genyen plis enfòmasyon ale sou sit sa.
  • Delè kat travay depann de dire legal moun lan nan Brezil.

Al gade: GGid enfòmasyon sou travay nan Brezil.

Al gade: Gid enfòmasyon sou travay pou imigran ak refijye. IMDH (kreyol ak pòtigè). 2015.