Woody Pascal Jean Louis: “Mwen deja santi-m lakay Mwen”
Woody te nan yon legliz evanjelik lè tranbleman de tè a te frape Pòtoprens. “Mwen te deja wè anpil katastwòf nan televizyon. Premye bagay mwen te fè se kouri kite lokal la, frè-m nan te tou prè-m,” se sa li sonje. Nou te gen 2 opsyon, ede moun ki anndan yo sòti oubyen bliye tout moun epi retire kò nou, men gras ak Bondye okenn moun pa mouri. Aprè sa, li ale lakay li epi tout bagay te fini byen.
Aprè yon konvèsasyon ak papa-l, li deside vinn viv Rio de Janeiro kay yon frè-l ki te deja isi a. Èd papa-l te bay li fè-l fè yon bon vwayaj nan yon avyon komèsyal, li fè eskal Panama ak São Paulo. Lè-l rive Rio, frè-l la tap tann li nan aewopò.
Premye desepsyon msye pran nan Brezil se paske li pat kapab etidye mèdsin nan inivèsite a. Li te chwazi bioloji nan Inivèsite Riral Rio de Janeiro (UFRRJ), aprè yon lane ap etidye pòtige nan UFRJ. “Kòm frè-m nan te abite ak yon Brezilyèn, mwen te gen posiblite pou-m pratike, epi tou pòtige gen orijin latin menm jan ak fransè-a, yon lang mwen te deja pale”.
Selon li mèm, akèy Brezilyen yo bay li lè-l rive, ba li anpil sekirite. “Premye jou lekòl la, anpil moun vinn banm akolad, gen lè yo te gentan konnen mwen te pase anpil difikilte. San-m pa bezwen di ke lè mwen rive, te gen yon fèt ki tap tann mwen lakay frè-m lan,” se sa-l di pandan-l tap ri. Epi tou, li renmen foutbòl anpil epi li tou dekouvri ke kilti brezilyenn lan sanble avèk ayisyenn lan.
Woody te nan katriyèm peryòd nan fakilte byoloji a lòske li kite-l, pandan etid la li te toujou ap chache yon resanblans ak etid li renmen tout bom an, ki se mèdsin. Kòm li te vinn oblije kite Inivèsite a, li tou deside chanje paj nan lavi-l. Akoz tout chanjman sa yo ke li rankontre nan tout lane ki te pase yo.
Lide pou al viv nan vil Foz do Iguaçu pa pòte okenn sipriz pou msye. Woody pra-l fè yon lòt eksperyans avèk yon gwoup Ayisyen, epi pi devan li swete gen yon gwo relasyon amikal ansanm ak yo. Si se pou-l tounen an Ayiti aprè 5 lane sa yo, sa pra-l depann de Volonte Bondye oubyen yon ti menaj ki kapab parèt nenpòt ki moman nan vi-l.
Tèks: Celina Côrtes