Fòs Kiryozite A
Handy te nan twazyèm semès nan fakilte Gesyon Antrepriz anvan li tap vwayaje. Li tap viv ak manman-l, Marie Anne ki se yon pwofesè, ak sè li Ludgie ki gen 35 lane. Li te bay tout dokiman lekòl pwogram lan te mande, sètifika sante, dokiman ki montre salè fanmi an, dokiman sa se te pou montre ke gen yon moun ki tap ka reponn ak bezwen li yo pandan lap etidye paske li pap ka travay ak viza etidyan. Li peèdi papa-l lè li te gen 3 lane, se manman-l ansanm ak sè-l ki te toujou ap pran swen-l. Se nan avyon militè li te vwayaje pou vinn Brezil.
“Lè mwen rive nan mwa fevriye 2013, brezilyen te byen akeyi-m”. Handy tap viv ak yon kouzen-l ak yon Brezilyen, moun sa yo ede-l nan aprann pòtigè a. Pòtigè ak fransè gen orijin latin, se sa ke fasilite-l aprann lang lan pi rapid. Sa ki fè-l devlope plis kapasite nan lang lan se 6 mwa li te fè ap etidye nan Inivèsite Federal Rio de Janeiro (UFRJ). “Mwen adapte-m byen rapid, nan mwens ke 5 mwa, m te gentan kapab kominike ak moun yo”.
Difikilte li rankontre nan Inivèsite Riral Rio de Janeir (UFRRJ), se paske li pat gen anpil tan pou-l etidye. “ Metodoloji itilize a pat diferan ak Ayiti, men vitès aprantisaj la pi rapid ”.
Li pat gen anyen pou-l reklame apre de sa. “ Mwen abitye ak lavi nan Rio de Janeiro. ” Nan Nova Iguaçu, tou prè inivèsite a, li rete nan yon apatman ansanm ak yon brezilyen ak kouzen-l. Nan tan lib li, li renmen jwe foutbòl epi li renmen patisipe nan fèt kiltirel. Sèlman, li poko gen ti menaj bò isit.
“Tanzantan fanmi-m manke-m”, malgre li gen konviksyon lap rete Brezil jis li fini kou a. Pandan tan sa, li kontan ap viv ak kouzen-l yo nan Rio de Janeiro, men li gen sètitid lap tounen an Ayiti. “Peyi-m bezwen moun pou ede-l. Mwen gen volonte pou-m tounen pou-m kapab ranfòse eksperyans mwen ap viv bò isi a ”.
Tèks: Celina Côrtes