Voz do Haiti – 07.03.2016

Nan emisyon Caribbean Vibes, Bob Montinard envite Maria pou nou prezante Flamenco, ki se yon stil mizik ki sòti an Espagne. Flamenco egziste depi 8 siyèk deja. Se yon melanj kiltirèl ki sòti nan arive migran mizilman ak juif ak espanyòl. Mizik sa se yon mizik ki pòte lanmou, lajwa ak doulè.