Marie Florence Vle Fè Diferans Lan

Si se pat fanmi-l ki te manke-l, Marie Florence Thélusma, yon jèn fi ki genyen 26 lane, tap kapab di ke li vreman erez nan peyi Brezil. Nan Inivèsite Federal Fliminense – UFF -, lap etidye Ekonomi, etid li te toujou reve. Nan mèm inivèsite a, li vle fè yon lòt kou kise Entreprenarya ak Inovasyon “pou-m kapab ede peyi-m”.

Lè li te kite Pòtoprens ak kay kote li tap viv ak paran-l ak uit frè ak sè li yo, li te gentan kòmanse kou prefak yo pou-l te ka antre nan inivèsite. Paske li te tèmine etid sekondè li nan lane 2008, gen yon kouzen-l ki fè-l konnen gen bous etid pou Brezil. “Mwen te toujou vle etidye nan yon lòt peyi, tankou sè-m yo”.

Anvan tranbleman de tè a, Marie Florence te gentan kòmanse ak pwosesis legalize dokiman-l yo. Lòske goudougoudou frape Pòtoprens, li te sou do kay la ak senk frè-l yo. Yo wè plizyè kay kòmanse ap kraze, yo te gen chans kouri kite kay la, men gras ak Bondye kay la se kèk fisi li te genyen. “Mwen pèdi yon kouzinn mwen ki te gen 30 lane, li mouri kote li tap travay la, yo pa janm jwenn kò-l, sa fè-m tris.”

Gras ak èd yon ONG an Ayiti, li pran avyon pou Rio de Janeiro nan fevriye 2010 ak 10 lòt etidyan. Lè-m rive, nou te nan yon otel nan Glória, yon katye nan pati Sid vil Rio de Janeiro. Apre sa, li te kòmanse ak yon kou pòtigè a, yon kou ki te dire 7 mwa nan Inivèsite Federal Rio de Janeiro – UFRJ. “Mwen renmen etidye anpil.” Moman plezi li se li liv sou teknoloji ak lòt bagay sou aktialite. “Mwen renmen gade dokimantè ak film tou”.

Lòt bagay ke li renmen anpil epi ke li benefisye nan Brezil se ospitalite ak jwa pèp la, sèl pwoblèm ki genyen se vyolans lan ki fò anpil. “Nan vil Niterói, volè a te pase sou mwen pran bous mwen, CPF, kat kredi-m yo ak R$200, men sa fè lontan de sa deja.”

Se sa Karyoka – moun ki sòti vil Rio de Janeiro – yo rele “CDF” la wi. Marie Florence dwe tèmine etid li nan lane 2016 epi nan mwa mas 2015, li vle kòmanse ak yon lòt kou. Jiskaprezan, li poko janm gen ti menaj, men sa pa yon sipriz pou moun ki pa janm sòti al flane ak zanmi. “Zanmi-m yo pa rele-m ankò non ! » Men se gras ak trè bon dosye lekòl li reisi antre nan inivèsite UFF.

Anvan li tounen Ayiti pou tout bon, Marie Florence vle vizite fanmi-l “paske yo manke-m anpil”, men nan moman sa li vle konsakre tan li ak etid yo. “Mwen vle ede fè diferans lan lè map tounen Ayiti.”

Texte: Celina Côrtes